Enskripsyon Kamera

Anrejistreman kamera kominotè

Nou ap konstwi yon kat enteraktiv pou kamera sekirite ki nan vil Nouyòk la, ki pral:

  • Aksesib sèlman a Depatman Lapolis Nouyòk
  • Li ap rann pi efikas fason yo konn ranmase prèv videyo yo
  • Li ap kapab bay anketè yo kowòdone imedya pwopriyetè kamera yo
  • Li ap pèmèt tout kominote yo travay ansanm pou kapab kreye yon vil Nouyòk ki gen plis sekirite

Anrejistreman kamera a pa menm pran yon minit sou pòtay sekirize nou an anliy. Anrejistre kamera w yo pa pèmèt Depatman Lapolis Nouyòk la gen aksè a difizyon videyo an dirèk ou a - li sèlman pèmèt envestigatè yo konnen yon kamera prezan nan kote w ye a epi fasil mande prèv videyo si yon ensidan ta rive.

Enskripsyon kamera a gratis.